Voye lajan sòti Etazini pou ale Meksik ak yon sèl klik lè w konekte oswa enskri gratis. Peye avèk yon kat debi oswa kat kredi, epi fè yon transfè nan kèk minit.
Eksplore opsyon w yoLi fasil pou voye lajan depi nenpòt kote avèk aplikasyon transfè lajan entènasyonalnou an. Anrejistre kontak yo pou fè transfè repete rapid, oswa kòmanse yon transfè sou aparèy ou an epi fè peman an nan yon biwo ajan.
Aprann plisVoye lajan nan Meksik depi Etazini lè w itilize yon biwo ajan Western Union ki toupre w. Nou gen plizyè milye biwo ajan Ozetazini.
Jwenn yon biwo ajanVoye lajan dirèkteman sou yon kont nan gwo bank nan Meksik, tankou Famsa, Banamex, Banorte, ak BBVA. Benefisyè w la ka jwenn aksè ak lajan an san li pa bezwen ale nan yon biwo ajan.
Aprann plisKit y ap eksplore Kanyon Sumidero, kit yo lakay yo nan Oaxaca, fanmi w ak zanmi w ka resevwa lajan yo voye ba yo nan Meksik nan nenpòt nan 44,0001 biwo ajan nou yo.
Jwenn biwo ajan Meksiken yoChwazi yon opsyon peman dijital ki rapid e pratik nan Meksik, avèk pòtfèy mobil ki elijib tankou Mercado Pago, Banco Azteca, ak Baz.
Transfè pòtfèy mobil entènasyonal yoDepi 150 an, Western Union se yon lidè mondyal nan sèvis transfè lajan ki rapid e fasil. Itilize gwo rezo founisè sèvis peman nou an nan Meksik pou fè tranzaksyon san pwoblèm. Kit w ap voye lajan sou pòtfèy, kont labank, oswa pou retrè lajan kach, pwofite sèvis peman ki fyab.
Patnè peman nou yo nan Meksik gen ladan Bancoppel, Banco Azteca, Elektra, Oxxo, Farmacias Guadalajara, ak WalMart.
Nou fè patenarya avèk anpil lòt enstitisyon fyab, tankou Bancomer, Banorte, Banco Santander, Mercado Pago, HSBC, ak lòt ankò.
Ou kapab voye lajan tou sòti Etazini pou rive Meksik pou retrè lajan kach. Jwenn biwo ajan yo isit la.
Dekouvri lòt fason pou sipòte fanmi ak zanmi nan Meksik, avèk sèvis ki fèt pou ofri konvenyans, fleksibilite, ak reponn a bezwen chak jou.
Yon lòt fason pou voye lajan bay fanmi w nan Meksik se achte minit prepeye atravè Telcel, Movistar ak AT&T, pou yo ka fè apèl entènasyonal.
Itilize aplikasyon nou an, sitwèb, oswa ajan nou yo pou peye fakti bay konpayi nan Meksik, tankou CFE, Telmex, Telcel, ak lòt ankò.
Èske fanmi w ak zanmi w yo gen kont avèk Banorte, Banco Azteca oswa, Bancoppel? Transfere lajan dirèkteman nan bank sa yo nan Meksik.
Pare pou transfòme transfè lajan ou yo an rekonpans? Jis konekte oswa enskri avèk Western Union, ranpli pwofil ou epi kòmanse touche pwen!
avèk chak transfè lajan anliy.
500 pwen = jiska 2 USD rabè sou frè transfè lajan3.
Òf eksklizif pou manb nan mak ou renmen.
Dekouvri òf ki chwazi sèlman pou manm Western Union Rewards yo.
Avèk plizyè fason pou voye lajan, ou ka chwazi metòd ki pi itil pou ou menm ak moun pa w yo. Fè yon transfè lajan anliy pou ale Meksik; voye l atravè aplikasyon nou an oswa peye nan yon biwoajan.
Efò nou fè nan domèn chifreman ak prevansyon fwod yo ofri w lapè lespri, paske yo pwoteje chak transfè lajan ou fè pou Meksik.
Voye lajan andeyò Meksik grasa rezo entènasyonal nou an. Fè transfè sòti Etazini pou ale nan plis pase 200 peyi ak teritwa.
Li fasil pou voye lajan sòti Etazini pou rive Meksik – jis enskri pou w kreye yon pwofil gratis epi ou ka kòmanse tousuit.
Planifye davans epi pwograme transfè regilye pou fanmi an, pou ou pa rate anyen. Anrejistre detay benefisyè w la pou ou ka voye lajan ankò fasilman.
Konplete transfè lajan w lan lè w itilize yon kont labank, kat kredi oswa debi, oswa lajan kach.
Senpleman itilize aplikasyon oswa sitwèb nou an pou suiv transfè lajan ou nan Meksik.
Refere zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.
Pi bon fason pou voye lajan sòti Etazini pou rive Meksik depann de sa ki pi enpòtan pou ou. Si fasilite se priyorite a, voye lajan anliy oswa sou aplikasyon Western Union nan se opsyon ki pi senp yo. Ou ka chwazi tou metòd livrezon ki pi bon pou benefisyè w la, tankou voye l dirèkteman sou yon kont labank, retrè lajan kach, oswa sou yon pòtfèy mobil.
Fason ki pi bon mache pou voye lajan nan Meksik yo ap varye selon fason ou peye, fason benefisyè w la jwenn li, ak to echanj ki genyen nan moman ou fè transfè w la. Itilize zouti nou an pou voye lajan anliy pou kalkile frè transfè lajan anvan ou voye l.
Kantite maksimòm lè w ap voye lajan nan Meksik pou moun resevwa an lajan kach se $7,499, epi se $2,750 si se sou yon kont labank moun nan ap resevwa l– oswa ekivalan nan peso Meksiken – pa moun, pa tranzaksyon, oswa pa jou. Kantite lajan maksimòm yo ka peye an lajan kach ka varye, epi sa depann de biwo ajan Western Union an ye. Kontakte yon biwo pou verifye ki kantite lajan ou ka voye Meksik.
W ap bezwen yon lisans chofè Ameriken, paspò, oswa yon pyès idantifikasyon gouvènman an bay pou w ka enskri avèk nou anliy. Pou voye lajan Meksik, w ap bezwen tou nimewo kont labank benefisyè a oswa CLABE li, ansanm ak adrès li, vil, eta, ak nimewo telefòn li.
Pou kòmanse voye lajan nan Meksik anliy:
Aprann plis sou frè transfè nou yo5, limit transfè ak to echanj yo anvan ou voye lajan nan Meksik, avèk estimatè prinou an.
Transfè lajan pou Meksik souvan disponib menm jou a; sa depann de fason ou peye, kilè ou voye lajan an, ak fason benefisyè w la chwazi resevwa lajan an. Transfè ak pòtfèy mobil ak retrè lajan kach se pi rapid yo, anjeneral yo pare nan kèk minit6. Transfè an tan reyèl disponib pou plizyè gwo bank. Lòt transfè kont labank ka pran youn a senk jou ouvrab. Itilize zouti transfè lajan anliy Western Union lan pou antre detay transfè w la epi konpare vitès livrezon ki disponib yo anvan ou voye lajan an.
Voye rechaj mobil se yon fason altènatif pou transfere lajan nan Meksik pou sipòte zanmi oswa fanmi avèk laviyo. Ou ka rechaje jiska $15 sou telefòn mobil prepeye Telcel, Movistar ak AT&T, swa anliy, avèk aplikasyon nou an, oswa nan yon biwo ajan Western Union.
Avèk Western Union, li fasil pou voye lajan bay kèk nan pi bon bank nan Meksik yo. Nou fè patenarya avèk anpil lòt enstitisyon fyab, tankou Banco Azteca, Bancomer, Banorte, Banco Santander, HSBC, ak lòt ankò.
Li posib pou voye lajan Meksik san w pa gen yon kont labank, si w peye pou transfè a ak lajan kach oswa avèk yon kat kredi. Si benefisyè w la pa gen kont labank, li ka toujou resevwa lajan an kach nan yon biwo ajan Western Union.
Lè w chwazi opsyon retrè lajan kach, benefisyè w la ka vin pran lajan an nan yon biwo ajan Western Union ki patisipe nan Meksik. Anjeneral, yo bezwen nimewo suivi a (MTCN) ak yon pyès idantifikasyon valid.
Ui, Western Union pèmèt voye lajan sou pòtfèy mobil nan Meksik atravè founisè ki kalifye, tankou Mercado Pago, Banco Azteca, ak Baz.
1 Done rezo apati janvye 2024.
2 Si w ap itilize yon kat kredi, yon frè pou avans lajan kach emetè kat la ka aplike ansanm ak enterè ki koresponn ak sa, ka aplikab. Pou evite frè sa yo oswa pou peye mwens, itilize yon kat debi oswa gade lòt metòd peman
3 Rediksyon frè yo aplike sèlman pou frè transfè Western Union® pou yon sèl tranzaksyon Western Union Money Transfer® oswa Quick Collect®. Mete sou kote tout lòt sèvis yo, ki enkli yo men san yo pa limite, pèman fakti anliy ak transfè lajan atravè aplikasyon sosyal/tchat yo. Pwen itilize yo p ap ka ranvèse, epi si montan frè transfè a mwens pase rabè a, p ap gen lajan kach, kredi oswa ranbousman.
4 Tanpri asire w non benefisyè a koresponn ak detay pwopriyetè kont labank lan. (Detay kont yo ka varye selon peyi a.)
5 Western Union fè pwofi nan echanj lajan. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Pa valid pou kat kredi oswa transfè anndan Etazini.
6 Lajan yo ka an reta oswa sèvis yo ka pa disponib selon sèten kondisyon tranzaksyon, tankou montan lajan yo voye a, peyi destinasyon an, disponiblite lajan an, pwoblèm regilasyon yo, egzijans idantifikasyon yo, lè biwo Ajan an ap fonksyone, diferans nan zòn tan yo, oswa seleksyon opsyon reta yo. Pou tranzaksyon mobil, lajan an ap peye bay founisè sèvis pòtfèy mobil benefisyè a, pou yo ka kredite kont ki lye ak nimewo benefisyè sa a. Lòt frè entèmedyè gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè retrè lajan kach. Gade fòmilè transfè a pou restriksyon yo.

