Òf pou nouvo kliyan
Ou voye 100 USD li resevwa {{striked_receiver_amount}} {{receiver_amount}} DOP

Voye Lajan nan Repiblik Dominikèn

Peye $0 frè transfè pou premye transfè entènasyonal ou fè anliy, epi benefisye to echanj ki avantaje lè w ap voye lajan nan Repiblik Dominikèn.
USD
DOP

‌Transfè lajan rapid anliy avèk pri espesyal ak rekonpans. Transfè anliy fyab, ki pwoteje pa chifreman ak mezi kont fwod. Chwazi opsyon peman ak livrezon ki koresponn ak bezwen w yo.

Fason ki pratik pou voye ak resevwa lajan

Dom-Rep-bank-partners

Voye lajan nan rezo nou an nan Repiblik Dominikèn

‌Depi 150 an, Western Union se yon lidè mondyal nan sèvis transfè lajan ki rapid e fasil. Itilize gwo rezo founisè sèvis peman nou an nan Repiblik Dominikèn pou fè tranzaksyon san pwoblèm. Kit w ap voye lajan sou pòtfèy, kont labank, oswa pou retrè lajan kach, pwofite sèvis peman ki fyab.

Sèvis Western Union nan Repiblik Dominikèn yo disponib sèlman atravè reprezantan mak lokal nou an, Vimenca.

Anplis opsyon pou retrè lajan kach nan biwo ajan Vimenca yo ak sèvis livrezon lakay, kliyan yo ka voye lajan tou dirèkteman sou kont labank nan divès enstitisyon finansye, Banco Vimenca, Banreservas, Banco Popular Dominicano, BHD, Asociación Popular de Ahorros y Préstamos ak lòt.

‌Suiv to echanj yo anvan ou voye lajan nan Repiblik Dominikèn

‌‌Konfigire alèt sou to echanj pou USD an DOP

Resevwa notifikasyon lè to yo chanje.

‌Kòmanse transfè w la lè w pare.

4.8
app-store
4.7
google-play-badge-ai
Evalyasyon apati Oktòb 2026.

Voye lajan pou livrezon lakay nan Repiblik Dominikèn

Benefisyè w yo nan Repiblik Dominikèn ka mande pou yo livre transfèlajan an lakay yo gratis.

Kisa ki Livrezon Lakay?

Se yon sèvis nasyonal patnè nou an, Vimenca, ofri pou livre lajan transfere yo dirèkteman kote benefisyè a ye, nan Repiblik Dominikèn. Sa a se yon aksyon pou benefisyè a sèlman, sa vle di se sèlman benefisyè yo nan Repiblik Dominikèn ki ka mande sèvis sa a.

Benefisyè w la ka jwenn transfè a nan de lajan sa yo:

  • Peso Dominiken (DOP)
  • Dola (USD)

Chak fwa ou voye lajan, w ap bezwen bay enfòmasyon sou benefisyè w la nan Repiblik Dominikèn, pou l ka resevwa transfè lajan an:

  • Non konplè
  • Adrès konplè
  • Nimewo telefòn Dominiken aktif avèk WhatsApp

Konbyen tan livrezon lakay la pran?

Kesyon 3>Konbyen tan livrezon lakay la pran?

Tan livrezon an depann de lè limit la nan Repiblik Dominikèn ak destinasyon an. Men kijan sa fonksyone:

Livrezon menm jou a

Santo Domingo / Distrito Nacional

  • Sòti Lendi pou rive Samdi, si lajan an voye anvan 3:30 pm lè Repiblik Dominikèn.
  • Dimanch, si yo voye lajan an anvan 10:00 am lè Repiblik Dominikèn.

Lòt vil yo

  • Sòti Lendi pou rive Samdi, si yo voye lajan an anvan 2:00 pm lè Repiblik Dominikèn.
  • Dimanch, si yo voye lajan an anvan 9:00 am lè Repiblik Dominikèn.

Livrezon nan demen

Tout tranzaksyon yo resevwa apre lè limit la.

Kisa k ap pase si lajan an pa rive livre?

N ap ranbouse lajan an nan ka sa yo:

  • Lè nouvo kliyan an pa disponib pou valide enfòmasyon l yo.
  • Lè benefisyè a pa prezante yon pyès idantifikasyon valid nan moman livrezon an.
  • Lè livrezon an pa posib.

Èske ou gen plis kesyon sou sèvis livrezon lakay?

Si w vle jwenn plis enfòmasyon, ou ka kontakte sèvis kliyantèl Vimenca nan Repiblik Dominikèn.

Plis enfòmasyon sou fason pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn sòti Ozetazini

‌Kit w ap voye lajan pou premye fwa, kit w ap fè transfè regilyèman, detay sa yo ka rann pwosesis la pi senp.

Anpil opsyon pou retrè

Kit yo nan Santo Domingo, Punta Cana, oswa yon lòt kote, moun ou renmen yo ka al retire lajan yo nan plis pase 300 biwo ajan2 nan Repiblik Dominikèn.

Gade biwo ki nan Repiblik Dominikèn yo

Prepare detay benefisyè w la

Voye lajan sou kont labank nan Repiblik Dominikèn san okenn pwoblèm – asire w ou gen non konplè benefisyè w la, non labank, detay kont lan, ak IBAN lan anvan ou kòmanse fè transfè a.

 

Aprann plis

Chwazi lajan w nlan

Èske benefisyè w la ta prefere dola Ameriken oswa peso Dominiken Ou ka transfere nenpòt nan de lajan sa yo nan Repiblik Dominikèn avèk Western Union. Jwenn enfòmasyon sou to echanj yo davans lè w itilize zouti nou yo ki disponib anliy.

Voye lajan kounye a

Pare pou voye lajan?

media
Western Union Rewards
Western Union Rewards

Pare pou transfòme transfè lajan ou yo an rekonpans? Jis konekte oswa enskri avèk Western Union, ranpli pwofil ou epi kòmanse touche pwen!

star_rewards
Touche 100 pwen

avèk chak transfè lajan anliy.

discount_rewards

500 pwen = jiska 2 USD rabè sou frè transfè lajan3.

Òf eksklizif pou manb nan mak ou renmen.

gift

Òf ak rabè, jis pou ou

Dekouvri òf ki chwazi sèlman pou manm Western Union Rewards yo.

Rezon pou chwazi Western Union®

Angajman pou sekirite

Teknoloji chifreman ak prevansyon fwod nou yo pwoteje lajan w lè w ap voye lajan bay moun ki pi enpòtan pou ou yo nan Repiblik Dominikèn.

To echanj an tan reyèl

Tcheke to echanj sòti nan dola pou rive nan peso Dominiken* sou sitwèb oswa aplikasyon nou an anvan ou voye lajan nan Repiblik Dominikèn.

Transfè pratik

Avèk plizyè fason pou voye lajan, ou ka chwazi metòd ki pi apwopriye pou sitiyasyon w lè w ap voye lajan nan Repiblik Dominikèn. Fè yon transfè lajan anliy, voye lajan avèk aplikasyon nou an oswa peye nan yon biwo ajan.

Yon seri metòd peman

Lajan kach, kat debi oswa kredi4, oswa kont labank? Se ou menm ki chwazi fason pou w peye pou yon transfè lajan nan Repiblik Dominikèn.

 

Enskri pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn jodi a

Kòmanse yon transfè nan kèk minit

Enskri pou w kreye yon pwofil gratis, verifye enfòmasyon w yo, epi w ap pare pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn anliy.

Suiv pwogrè w

Itilize nimewo suivi ou a epi pataje avèk benefisyè w la pou ‌‌suiv yon transfè‌‌ tout wout la jiska pòtfèy li.

Anrejistre detay benefisyè a

Pase mwens tan presye w nan travay administratif lè w anrejistre enfòmasyon enpòtan, sa k ap pèmèt ou fè peman bay menm moun yo rapidman.

Planifye transfè lajan

Èske w voye lajan nan Repiblik Dominikèn regilyèman? Planifye davans avèk peman pwograme; sa pèmèt ou transfere lajan chak semèn, chak mwa, oswa nan moman ou chwazi.

Vin jwenn nou jodi a

Refere zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.

Kesyon yo poze souvan

Kijan mwen ka voye lajan nan Repiblik Dominikèn?

W ap gen anpil chwa lè w ap chèche fason pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn. ‌Kit w ap sipòte fanmi yo avèk kou lavi a oswa transfere lajan kòm yon kado, opsyon prensipal yo pou voye lajan yo se:

  • Anliy. Jis kreye yon pwofil pou kòmanse.
  • Atravè aplikasyon nou an. ‌Yon lòt fason pratik pou transfere lajan depi nenpòt kote.
  • An pèsòn. Jwenn yon biwo ajan toupre lakay.

Ki pi bon fason pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn?

‌Pi bon fason pou voye lajan sòti Etazini pou rive nan Repiblik Dominikèn depann de sa ki pi enpòtan pou ou. ‌Si fasilite se priyorite a, voye lajan anliy oswa sou aplikasyon Western Union nan se opsyon ki pi senp yo. Ou kapab chwazi tou metòd livrezon ki pi byen mache pou benefisyè w la, tankou livrezon dirèk sou kont labank, retyrè lajan kach, oswa livrezon lakay ou.

‌Ki fason ki pi bon mache pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn?

‌Fason ki pi bon mache pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn ap varye selon fason ou peye, fason benefisyè w la jwenn li, ak to echanj ki genyen nan moman ou fè transfè w la. Itilize zouti nou an pou voye lajan anliy pou ‌kalkile frè transfè lajan‌ anvan ou voye l.

Kijan mwen ka voye lajan nan Repiblik Dominikèn anliy?

Li pran kèk etap senp pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn anliy:

  • Vizite westernunion.com epi klike sou bouton ‘Voye lajan’ an.
  • Lè yo mande w kote ou vle voye lajan, chwazi Repiblik Dominikèn kòm peyi ‘Destinasyon’ an.
  • Chwazi fason ou vle peye a, ansanm ak fason pou resevwa lajan an.
  • Antre detay benefisyè w la.
  • Revize tout enfòmasyon yo pou asire w yo kòrèk.
  • Konplete transfè lajan w lan nan Repiblik Dominikèn.

Kisa m bezwen pou m voye lajan nan Repiblik Dominikèn anliy?

Lè w ap voye lajan pou benefisyè w la ka retire l kach nan Repiblik Dominikèn, w ap bezwen antre enfòmasyon pèsonèl moun nan, jan yo parèt sou pyès idantifikasyon gouvènman an ba li a. Nenpòt moun k ap transfere lajan avèk nou dwe gen 18 ane oswa plis tou.

Kijan mwen ka voye lajan nan Repiblik Dominikèn depi yon biwo ajan Western Union?

Li fasil pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn depi yon biwo ajan ki toupre w:

  • Itilize zouti anliy nou an pou jwenn yon biwo ajan ki toupre.
  • Pote yon pyès idantifikasyon valid gouvènman an bay sou kontwa a, oswa yon nimewo telefòn. Pa bliye pote enfòmasyon sou bank la ak sou kont moun ki nan Repiblik Dominikèn ou vle voye lajan ba li a.
  • Konfime tout detay yo epi peye pou transfè lajan w nan Repiblik Dominikèn nan, lè w itilize yon kat yon bank Ameriken bay oswa lajan kach.

Pran resi w la nan men anplwaye a epi tcheke si gen yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN) sou li. Ou ka suiv lajan w sou sitwèb nou an avèk nimewo sa a.

Kijan mwen ka estime pri pou transfere lajan nan Repiblik Dominikèn?

Pri pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn ka varye; voye lajan sòti sou yon kont labank pou ale sou yon lòt kont labank anjeneral se metòd ki pi bon mache a. Pou w ka gen yon lide sou konbyen frè transfè ou ta ka peye5, itilize estimatè prinou an.

Konbyen tan sa pran pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn?

Fanmi w ak zanmi w ka al retire lajan an nan yon biwo ajan nan Repiblik Dominikèn, si w voye l pou retrè lajan kach nan kèk minit1, gras ak sistèm transfè an tan reyèl la. Tan livrezon an ka varye selon metòd ou chwazi pou voye lajan an ak lè ouvèti biwo ajan an.

Kijan mwen ka voye lajan dirèkteman sou kont labank nan Repiblik Dominikèn?

Chak fwa ou voye lajan dirèkteman sou kont labank nan Repiblik Dominikèn, w ap bezwen bay non konplè benefisyè w la, nimewo idantifikasyon li ki gen 11 chif, nimewo telefòn, adrès, ansanm ak non bank, nimewo kont, ak lajan an.

Sobje ou gen kèk limit ki aplike lè w ap voye lajan dirèkteman sou kont labank nan Repiblik Dominikèn:

  • Yon limit $14,999.99 USD (oswa ekivalan an nan peso Dominiken) sou yon peryòd 30 jou.
  • Ekspeditè a gen yon limit kat (4) tranzaksyon sou yon peryòd 24 èdtan.
  • Benefisyè a gen yon limit senk (5) tranzaksyon sou yon peryòd 24 èdtan, epi yon limit dis (10) tranzaksyon sou yon peryòd 15 jou.

Konbyen tan sa pran pou lajan an disponib sou kont labank lan?

Lajan w ap rive nan Repiblik Dominikèn dapre orè sa a, selon lè lokal la:

Banco Vimenca

Lajan an ap disponib nan menm jounen an pou kliyan Banco Vimenca yo – sa pran ant 15 minit ak 24 èdtan.

Lòt bank

Lendi pou rive Vandredi, sòti 7:00 am pou rive 11:00 pm.

Pou nenpòt lòt bank, lajan an ap disponib nan yon delè 48 èdtan travay si yo resevwa l pandan lè travay yo – sa pran ant 15 minit ak 24 èdtan.

Apre lè limit la

Lajan an ap disponib nan pwochen jou travay la

Nan ki bank mwen ka voye lajan nan Repiblik Dominikèn?

Avèk Western Union, li fasil pou voye lajan bay kèk nan pi bon bank nan Repiblik Dominikèn. ‌Nou fè patenarya avèk anpil enstitisyon fyab, tankou Banco Vimenca, Banreservas, Banco Popular Dominicano, BHD, Asociación Popular de Ahorros y Préstamos, ak lòt ankò.

Kijan pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn san yon kont labank?

Li posib pou voye lajan nan Repiblik Dominikèn san w pa gen kont labank, si ou peye pou transfè a kach oswa avèk yon kat kredi. Si benefisyè w la pa gen kont labank, li ka toujou resevwa lajan an kach nan yon biwo ajan Western Union.

‌‌Kijan retrè lajan kach fonksyone pou transfè lajan nan Repiblik Dominikèn?

Lè w chwazi retrè lajan kach, benefisyè w la ka vin pran lajan an nan yon biwo ajan Western Union ki patisipe nan Repiblik Dominikèn. Anjeneral, yo bezwen nimewo suivi a (MTCN) ak yon pyès idantifikasyon valid.

Èske ou ka voye lajan sou pòtfèy mobil nan Repiblik Dominikèn?

Non, kounye a Western Union pa pèmèt peman sou pòtfèy mobil nan Repiblik Dominikèn. Aprann plis sou transfè entènasyonal ki fèt atravè pòtfèy mobil.

1 Lajan yo ka an reta oswa sèvis yo ka pa disponib selon sèten kondisyon tranzaksyon, tankou montan lajan yo voye a, peyi destinasyon an, disponiblite lajan an, pwoblèm regilasyon yo, egzijans idantifikasyon yo, lè ajan an ap fè plas, diferans nan zòn tan yo, oswa seleksyon opsyon reta yo. Lòt Restriksyon ka aplike. Gade kondisyon yo pou plis detay.

2 Kantite biwo ajan yo valid apati 30 Jen 2021.

3 Rediksyon frè yo aplike sèlman pou frè transfè Western Union® pou yon sèl tranzaksyon Western Union Money Transfer® oswa Quick Collect®. Mete sou kote tout lòt sèvis yo, ki enkli yo men san yo pa limite, pèman fakti anliy ak transfè lajan atravè aplikasyon sosyal/tchat yo. Pwen itilize yo p ap ka ranvèse, epi si montan frè transfè a mwens pase rabè a, p ap gen lajan kach, kredi oswa ranbousman.

4 Si w ap itilize yon kat kredi, emetè kat la ka chaje w yon frè davans lajan kach, ansanm ak enterè ki asosye ak frè sa a, ka aplikab. Pou evite frè sa yo oswa pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oswa verifye lòt metòd pèman.

5 Western Union fè pwofi nan echanj lajan. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Pa valid pou kat kredi oswa transfè anndan Etazini.