Fason pou Jwenn ak Itilize Kòd BIC/SWIFT yo pou Transfè Bankè

W ap voye oswa resevwa yon transfè lajan atravè yon kont bankè? W ap bezwen yon kòd BIC/SWIFT pou transfè bankè entènasyonal ki prale epi k ap soti Etazini yo.

Kisa yon kòd BIC/SWIFT ye?

Yon kòd SWIFT, ke yo rele tou yon nimewo SWIFT, itilize pou idantifye enstitisyon bankè ak finansye yo nan tout mond lan. Yo idantifye tèm Kòd Idantifikatè Komèsyal (BIC) a san diferans avèk kòd SWIFT la epi li vle di menm bagay la. Kòd sa yo fasilite transfè lajan ant bank yo epi yo nesesè pou viman entènasyonal ak pèman SEPA yo. Pou fè yon transfè lajan entènasyonal depi Etazini, w ap bezwen yon kòd SWIFT/BIC.

Ki fòma kòd SWIFT/BIC la?

Yon kòd SWIFT/BIC genyen 8-11 karaktè epi li swiv yon fòma ki idantifye bank ou a, peyi, lokalizasyon, ak sikisal lan.

Swift code example

1 – Kòd bank lan (4 lèt)
Premye kat lèt yo reprezante bank lan epi li jeneralman tankou yon vèsyon abreje non bank lan.

2 – Kòd peyi a (2 lèt)
De lèt sa yo endike peyi kote bank lan twouve l la.

3 – Kòd lokalizasyon (2 lèt oswa chif)
De karaktè sa yo deziyen lye kote biwo prensipal bank lan ye a.

4 – Kòd sikisal lan (3 chif)
3 chif sa yo idantifye yon sikisal espesifik. Yo itilize ‘XXX’ pou syèj sosyal bank lan.

Ki jan m ap konnen si mwen dwe itilize yon kòd SWIFT/BIC?

 

Diferan peyi egzije divès kòd pou fè transfè lajan. Lè ou transfere lajan ant bank yo, bay yon kont bankè entènasyonal, oswa pou pèman SEPA, w ap prèske toujou bezwen yon kòd SWIFT/BIC. Peyi ki egzije yon kòd SWIFT/BIC pou voye lajan yo gen ladan:

Ou bezwen plis enfòmasyon? Jwenn detay sou transfè bankè ou bezwen pou voye lajan byen fasil.

Kòmanse voye lajan jodi a

Enskripsyon rapid epi fasil

Li fasil pou enskri epi kòmanse transfere lajan sou yon kont bankè jodi a.

Peye nan fason ou vle

Peye avèk kont bankè, kat kredi*/debi oswa lajan kach

Swiv transfè w la

Ou ka swiv transfè w la byen fasil sou entènèt la oswa atravè aplikasyon nou an.

Sikisal ki pratik yo

Voye lajan apati yon sikisal Western Union sou kont bankè benefisyè w la.

Ki kote mwen ka jwenn yon Kòd SWIFT/BIC?

Ou ka jwenn yon kòd SWIFT/BIC pandan w ap gade relve bankè w la, ale sou sitwèb bank ou a, oswa chèche l sou entènèt la.

Kesyon moun poze souvan sou kòd SWIFT/BIC yo

Kisa yon kòd SWIFT ye?

Yon kòd SWIFT (Sosyete pou Telekominikasyon Finansye Entèbank Nan Tout Monn lan), se yon kòd ki gen 8-11 karaktè, ki gen yon fòma estanda ki idantifye bank ak enstitisyon finansye nan tout mond lan. Yo rele l tou yon nimewo SWIFT kòd sa a fasilite transfè lajan ant bank yo epi li nesesè pou alafwa viman entènasyonal ak peman SEPA yo.

Kisa yon kòd BIC ye?

BIC vle di Kòd Idantifikatè Bank (Bank Identifier Code). Se yon kòd ki gen 8 a 11 karaktè ki idantifye bank yo nan tout mond lan. Yo itilize kòd BIC yo pou voye lajan ant bank yo pou asire ke lajan an ale dirèkteman nan bon kote a.

Ki diferans ki genyen ant kòd SWIFT ak kòd BIC?

SWIFT ak BIC vle di menm bagay epi yo itilize tèm yo youn nan plas lòt. Kòd SWIFT ak BIC yo idantifye bank ak enstitisyon finansye yo epi yo itilize yo pou transfè lajan.

Èske kòd SWIFT ak yon IBAN se menm bagay la?

Kòd SWIFT ak yon IBAN pa menm bagay la men yo sèvi pou yon menm objektif. Yo itilize kòd SWIFT ak IBAN yo pandan tranzaksyon entènasyonal yo, sepandan, yon kòd SWIFT idantifye lokalizasyon yon bank espesifik tandiske yon IBAN (Nimewo Kont Bankè Entènasyonal) idantifye yon kont endividyèl.

Èske w bezwen yon kòd SWIFT pou transfè lajan entènasyonal yo?

Wi, ou pral bezwen yon kòd SWIFT pou fè yon transfè lajan entènasyonal. Kòd sa a ede asire ke transfè lajan w lan rive kote li dwe rive a.

Ki jan kòd SEPA ak SWIFT/BIC yo konekte?

SEPA (Espas Inik Pèman an Ewo) pèmèt ou transfere ewo nan lespas kominote Ewopeyen an. Yo pral jeneralman mande w pou bay yon kòd SWIFT lè ou voye oswa resevwa lajan aletranje avèk SEPA. Byenke yo ka fè transfè SWIFT yo atravè divès deviz, pèman SEPA yo sèlman transfere ewo.

Eske yon kòd SWIFT se menm bagay la pou tout branch yo?

Sa varye dapre bank lan. Kèk bank itilize menm kòd SWIFT pou tout branch yo tandiske lòt bank yo deziye yon kòd SWIFT inik pou chak sikisal. Si ou pa sèten ki kòd pou itilize, ou ka jeneralman itilize kòd SWIFT syèj sosyal bank lan pou voye lajan.

Ou toujou gen kesyon oswa ou bezwen èd?

Ou gen yon kesyon sou fason pou voye lajan? Kontakte ekip Sèvis Kliyan nou an oswa vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan (FAQ) nou an pou plis enfòmasyon.

*Si w ap itilize yon kat kredi, frè alavans sou fon antrepriz ki bay kat la ak frè enterè ki asosye a kapab aplike. Pou evite frè sa yo oswa pou jwenn rediksyon frè, itilize yon kat debi oswa yon chèk