Kijan pou resevwa lajan ak Western Union

 

Avèk fason pratik pou resevwa lajan, nou rann li rapid, fasil epi fyab pou jwenn fon ou yo. Resevwa lajan kach fasilman fizikman, dirèkteman sou kont bank ou oswa chaje l sou yon kat prepeye. Chwazi fason ki pi pratik pou ou a.

 

Rete enfòme. Fè atansyon.

Rete enfòme. Fè atansyon.

Resevwa lajan ou avèk konfyans gras ak transfè lajan kripte nou yo

Plizyè milyon moun atravè lemond chwazi voye epi resevwa lajan ak Western Union.

Chwazi fason pou resevwa lajan ki bon pou ou, zanmi w ak fanmi w yo.

Refere yon zanmi!

Jwenn rekonpans jiska $300 nan kòd kado elektwonik Amazon.com * lè w ap refere zanmi.
Tèm ak kondisyon yo aplike.


Etap pou resevwa lajan ak yon kont bank

Bay ekspeditè a enfòmasyon ou yo

Ekspeditè a sèlman bezwen kèk detay pou l transfere lajan an. Enfòmasyon obligatwa varye selon kote w ye a, men non bank lan obligatwa nan pifò peyi. Ozetazini, ou bezwen bay nimewo woutage ABA ou a, nimewo kont ou, adrès ou, vil ou, Eta ou, kòd postal ou ak nimewo telefòn ou.

 

Retrase transfè an

Lajan ou an nan wout! Itilize nimewo suivi (MTCN) lan pou retrase fon yo. Ekspeditè an ap resevwa resi sa a nan yon imèl, yo ka pataje l pou nou toude ka retrase lajan ou an pandan l ap rive sou kont bank ou.

Resevwa lajan ou

Selon kote w ye a ak detay labank ou yo, lajan w ka rive nan kèk minit sèlman.1. Nan kèk ka, li gendwa pran jiska kat jou ouvrab2. Kit ou gen yon kont ak JP Morgan, Bank of America oswa lòt gwo bank, soti New York rive Los Angeles, resevwa fon ou yo alè.

 

Fason pratik pou resevwa lajan

Fleksibilite pou chanje fason ou resevwa lajan

Menm si sitiyasyon yo ka chanje, li enpòtan pou tout moun toujou resevwa lajan yo. Se poutèt sa Western Union pèmèt ou chanje fason ou resevwa lajan ou. Annik suiv etap ki anba yo.

Resevwa lajan avèk Western Union

Anrejistre kounye a

Chanje metòd rekiperasyon ou an

Chanje fason w ap resevwa lajan w lan, soti nan lajan kach pou ale nan yon kont bank oswa yon kat debi, si sitiyasyon w lan chanje – pou opsyon ki pi pratik la.

Resevwa lajan nan kèk minit1

Fon ki voye dirèkteman sou kont bank ou a ka rive nan kèk minit1, toudepan ki lè ak kibò yo voye yo ansanm ak kote ou ap resevwa yo.

Chwazi apati plizyè biwo ajan

Fè aranjman pou resevwa lajan kach fizikman nan plizyè milye biwo ajan atravè Etazini nan tout 50 Eta yo – soti nan Nouvèl Angletè rive nan Nouvo Meksik.

Retrase transfè lajan w lan

Kèlkeswa jan lajan ou dwe rive a, retrase transfè lajan ou a sou entènèt oubyen atravè aplikasyon nou an nan tan reyèl.

Voye epi resevwa lajan sou entènèt, disponib pou pran nan kèk minit1

Voye epi resevwa lajan sou entènèt byen rapid epi fasilman, prèske nenpòt kote. Fè aranjman pou transfè lajan entènasyonal ak domestik pou pase pran lajan kach nan plizyè milye biwo ajan nan kèk minit1.

Kesyon yo poze souvan sou resevwa lajan Ozetazini

Èske ou ka resevwa lajan sou entènèt avèk Western Union?

Wi, ou ka fè yo voye fon yo dirèkteman sou kont bank ou. Ekspeditè a sèlman bezwen chwazi ‘Kont bank’ lè l ap fè aranjman pou yon transfè lajan. Tout sa ou bezwen fè se bay ekspeditè an detay bank ou yo lè w ap voye lajan sou kont bank Ozetazini – nimewo woutaj ABA ou a, nimewo kont ou, adrès ou, vil ou, Eta ou, kòd postal ou ak nimewo telefòn ou.

 

Kijan mwen ka resevwa lajan apati Western Union nan yon biwo ajan?

Pou w pran lajan kach rapidman san w pa bezwen ranpli fòmilè, ou ka pran lajan w fizikman lè ekspeditè a fè aranjman pou livrezon an nan yon biwo ajan. Suiv etap senp sa yo:

  1. Reponn kesyon nou yo konsènan transfè lajan ou a sou wu.com oubyen nan aplikasyon an pou demare.
  2. Retrase transfè lajan ou aepi ale nan yon ajan Western Union ki patisipe pou
    pran lajan w.
  3. Pote yon pyès idantite (ID) ak foto ke gouvènman an bay ansanm ak nimewo suivi a (MTCN) pou resevwa resi a epi pou jwenn lajan kach ou a.

Kisa mwen bezwen pou m pran lajan nan yon biwo ajan Western Union?

Pote yon pyès idantite (ID) akfoto ke gouvènman an bay ansanm ak nimewo suivi a (MTCN) pou resevwa resi a epi pou jwenn lajan kach ou a. Ou bezwen bay non konplè ekspeditè a epi endike montan ou atann lan. Nan kèk ka, yo gendwa mande w peyi, Eta, vil ak/oswa pwovens ekspeditè a – kidonk li bon pou w gen bagay sa yo pare tou.

Kijan m ka konnen si yon transfè lajan pare pou mwen pran l?

Vizite sit entènèt nou an epi chwazi ‘Retrase yon transfè‘. Antre non moun ki te voye lajan ba ou a ansanm ak nimewo suivi an (MTCN). Apresa, ou ka wè kibò lajan ou ye nan tan reyèl, konsa ou konnen si li pare pou vin pran li nan yon biwo ajan oswa si li rive sou kont bank ou.

Èske mwen ka chanje fason mwen resevwa transfè lajan mwen an?

Pou chanje nan yon retrè lajan kach pou resevwa lajan dirèkteman sou yon kat debi:

  1. Konekte nan pwofil Western Union w lan.
  2. Chwazi ‘Retrase transfè’ epi suiv enstriksyon ki sou ekran an.
  3. Antre nimewo suivi a (MTCN).
  4. Chwazi ‘Resevwa lajan sou yon kat’.
  5. Ranpli detay sou ekspeditè a5.
  6. Soumèt detay kat debi ou a.

Kijan m ka resevwa lajan san yon kont bank?

Sèvis lajan Western Union® yo ba ou fleksibilite pou voye epi resevwa lajan nan fason ki pi pratik pou ou. Si ou pa gen yon kont bank, ou ka resevwa lajan kach nan yon biwo ajan oswa ou ka fè yo voye l dirèkteman sou kat debi ou a.

Èske ou toujou gen kesyon konsènan resevwa lajan ak Western Union?

Pale ak yon moun ki nan ekip Sèvis Kliyantèl la anliyt nou an, nan telefòn oswa fizikman pou nenpòt lòt kesyon. Pou yon repons rapid pou kesyon komen yo, vizite paj Kesyon Moun Souvan Poze nou an.

Kliyan atravè lemond fè l konfyans

Western Union gen plis pase 150 lane depi l ap ede moun transfere lajan toupatou sou latè. Nou kontinye ankouraje kwasans ekonomik epi fè transfè deviz transfwontalye rapid epi fasil, pou nou travay pou yon pi bon mond. Plizyè milya moun ka resevwa fon sou entènèt, avèk aplikasyon nou an oswa fizikman.

Kidonk, ale – di ekspeditè a pou l transfere lajan avèk nou epi pwofite fasilite itilizasyon an, yon sèvis fyab ak tout lòt avantaj nou genyen pou ofri.

Kriptaj pou ede pwoteje transfè lajan ou yo

Nou angaje nou pou kenbe done ou yo sekirize

Transfè lajan nan men ou avèk aplikasyon nou an

Kòmanse pran lajan kach ou a sou aplikasyon an oswa depoze lajan an dirèkteman sou kont bank ou.

Retrase transfè lajan ou an nan tan reyèl.

Jwenn yon ajan ki toupre pou resevwa lajan kach.

4.8
app-store
4.6
google-play-badge-ai
Evalyasyon an avril 2025.

*Tèm ak Kondisyon yo aplike. Restriksyon ki aplike yo, al gade nan amazon.com/gc-legal

1 Fon yo gendwa retade oswa sèvis yo ka pa disponib dapre kèk kondisyon tranzaksyon yo, tankou montan ou voye a, peyi li prale a, disponiblite deviz la, pwoblèm reglemantasyon, egzijans nan zafè idantifikasyon, orè fonksyonnman lokalizasyon Ajan, diferans nan fizo orè yo, oswa chwa opsyon retade yo. Pou tranzaksyon mobil yo, lajan an ap peye bay founisè kont mWallet destinatè a pou l ka kredite sou kont ki gen lyen ak nimewo mobil destinatè a. Lòt frè tyès pati gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè pou retire lajan kach. Gade fòmilè transfè a pou restriksyon yo.

2 Etazini Damerik: Fon yo ap rive nan pifò bank nan peyi Etazini nan pwochen jou tranzaksyon bankè a pou transfè ki fèt anvan 4è aprèmidi, fizo orè lès.

3 Aksè pi rapid ak lajan baze sou konparezon politik disponiblite imedya Netspend lan parapò ak pratik bankè tipik la ki sèlman poste lajan apre règleman an. Depo dirèk ak disponiblite lajan pi bonè yo depann ak sipò moun k ap peye a pou karakteristik sa a epi ak kalandriye finansman moun k ap peye a. Verifye avèk moun k ap peye w la pou w konnen ki lè depo dirèk fon yo ap kòmanse.

4 Valab sèlman pou westernunion.com oubyen tranzakasyon aplikasyon Western Union® voye yo depi Etazini, Grann Bretay, Lafrans, Itali ak Almay.

5 Tanpri asire w ke non ekspeditè a koresponn egzakteman ak non ki sou tranzaksyon an epi ak detay pwopriyetè kont bank lan. (Detay sou kont yo gendwa varye dapre peyi a).

6 Sèvis sa a aplike sèlman pou transfè $3,000 oswa mwens, ki fèt Ozetazini epi ki kòmanse sou westernunion.com oswa aplikasyon Western Union.® lan. Tanpri kontakte ekspeditè a pou plis detay sou tranzaksyon an.