Òf pou nouvo kliyan
Ou voye 100 USD li resevwa {{striked_receiver_amount}} {{receiver_amount}} HNL

Voye lajan Ondiras

Peye $0 frè transfè sou premye transfè entènasyonal anliy ou, epi benefisye to echanj ki avantaje lè w ap voye lajan Ondiras.
USD
HNL

Western Union fè lajan apati FX. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. ‌Òf la pa disponib pou Quick Collect, transfè anndan Etazini, kat kredi, ak Google Pay.

‌Transfè lajan rapid anliy avèk pri espesyal ak rekonpans. Transfè anliy fyab, ki pwoteje pa chifreman ak mezi kont fwod. Chwazi opsyon peman ak livrezon ki koresponn ak bezwen w yo.

Fason ki pratik pou voye ak resevwa lajan

HN-Partners

Voye lajan nan rezo nou an Ondiras

‌Depi 150 an, Western Union se yon lidè mondyal nan sèvis transfè lajan ki rapid e fasil. ‌Itilize gwo rezo founisè sèvis peman nou an nan Ondiras pou fè tranzaksyon san pwoblèm. Kit w ap voye lajan sou kont labank, sou kat debi, kit pou retrè lajan kach, pwofite sèvis peman ki fyab.

Patnè peman nou yo nan Ondiras gen ladan ‌Banco Atlantida, Banco de Occidente, Banco FICOHSA, ak Banpais.

‌Nou fè patenarya avèk anpil lòt enstitisyon fyab, tankou Banco de America Central Honduras, Banco Azteca, ak Banco Davivienda.

Ou kapab voye lajan tou sòti Etazini pou rive Ondiras pou retrè lajan kach. Jwenn biwo ajan yo ‌isit la‌‌.

Suiv to echanj yo anvan ou voye lajan Ondiras

Konfigire alèt sou to echanj pou USD an HNL

Resevwa notifikasyon lè to yo chanje.

‌Kòmanse transfè w la lè w pare.

4.8
app-store
4.7
google-play
Evalyasyon apati Oktòb 2026.

Plis enfòmasyon sou fason pou voye lajan Ondiras depi Etazini

‌Kit w ap voye lajan pou premye fwa, kit w ap fè transfè regilyèman, detay sa yo ka rann pwosesis la pi senp.

Prepare detay benefisyè w la

Voye lajan Ondiras san okenn pwoblèm – asire w ou gen non konplè benefisyè w la, non bank, detay kont lan, ak kòd IBAN anvan ou kòmanse transfè a.

Aprann plis

Jwenn yon estimasyon anvan ou voye lajan

Jwenn lapè nan lespri w grasa estimasyon frè yo1, to echanj USD/HNL, ak tan transfè; konsa, w ap konnen ki depans w ap genyen anvan ou klike.

Itilize estimatè pri gratis nou an

Konfigire transfè ki fèt regilyèman

Pran yon ti avans sou transfè w yo, epi pa janm rate yon okazyon espesyal. Senpleman chwazi yon dat, yon lè, ak yon montan pou tranzaksyon ou fè regilyèman bay benefisyè w la.

Chèche konnen plis

Pare pou voye lajan?

media
Western Union Rewards
Western Union Rewards

Pare pou transfòme transfè lajan ou yo an rekonpans? Jis konekte oswa enskri avèk Western Union, ranpli pwofil ou epi kòmanse touche pwen!

star_rewards
Touche 100 pwen

avèk chak transfè lajan anliy.

discount_rewards

500 pwen = jiska 2 USD rabè sou frè transfè lajan2.

Òf eksklizif pou manb nan mak ou renmen.

gift

Òf ak rabè, jis pou ou

Dekouvri òf ki chwazi sèlman pou manm Western Union Rewards yo.

Rezon pou chwazi Western Union®

Angajman pou sekirite

Sou plizyè milye mil, atravè plizyè peyi ak kontinan, nou ede pwoteje lajan w. Teknoloji nou yo chifre done pèsonèl ou yo, konsa ou ka fè transfè avèk lespri trankil.

Nan tout monn lan

Avèk plis pase 200 peyi ak teritwa nan rezo Western Union lan, ou ka kontakte moun ou renmen yo nenpòt kote – sòti Ondiras pou rive Honolulu, kèlkeswa kote yo ye a.

Enskri gratis

Kòmanse voye lajan Ondiras nan kèk minit lè w enskri pou yon pwofil Western Union gratis.

Fason pratik pou voye lajan

Avèk plizyè fason pou voye lajan, ou ka chwazi metòd ki pi itil pou ou menm ak moun pa w yo. Fè yon transfè lajan anliy, voye lajan avèk aplikasyon nou an, oswa peye nan yon biwo ajan. Peye ak lajan kach/kat debi/kredi3, oswa dirèkteman sou kont labank ou.

Enskri pou voye lajan Ondiras jodi a

‌Suiv transfè lajan w avèk fasilite

Senpleman itilize aplikasyon nou an oswa sitwèb pou suiv transfè lajan ou an nan Ondiras.

Voye ankò byen vit

‌Èske w voye lajan Ondiras regilyèman? Anrejistre enfòmasyon benefisyè w la pou w ka fè transfè alavni avèk fasilite, sa k ap pèmèt ou ekonomize tan.

Enskripsyon an rapid epi fasil

Kreye yon pwofil Western Union gratis nan kèk segonn, epi voye lajan rapidman4 ak fasilite jodi a.

Pèman ki adapte avè w

Konplete transfè lajan w lan lè w itilize yon kont labank, kat kredi oswa debi, oswa lajan kach.

Vin jwenn nou jodi a

Refere zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.

Kesyon yo poze souvan konsènan voye lajan Ondiras depi Etazini.

Kijan mwen ka voye lajan Ondiras?

W ap gen anpil chwa lè w ap chèche fason pou voye lajan Ondiras depi Etazini. ‌Kit w ap sipòte fanmi yo avèk kou lavi a oswa transfere lajan kòm yon kado, opsyon prensipal yo pou voye lajan yo se:

  • Anliy. Jis kreye yon pwofil pou kòmanse.
  • Atravè aplikasyon nou an. ‌Yon lòt fason pratik pou transfere lajan depi nenpòt kote.
  • An pèsòn. Jwenn yon biwo ajan toupre lakay.

Ki pi bon fason pou voye lajan Ondiras?

Pi bon fason pou voye lajan Ondiras depann de sa ki pi enpòtan pou ou. Si fasilite se priyorite a, voye lajan anliy oswa sou aplikasyon Western Union nan se opsyon ki pi senp yo. Ou ka chwazi tou metòd livrezon ki pi bon pou benefisyè w la, tankou voye l dirèkteman sou yon kont labank, retrè lajan kach, oswa kat debi.

Ki fason ki pi bon mache pou voye lajan Ondiras?

‌Fason ki pi bon mache pou voye lajan Ondiras ap varye selon fason ou peye a, fason benefisyè w la resevwa lajan, ak to echanj ki genyen nan moman ou fè transfè a. Itilize zouti nou an pou voye lajan anliy pou ‌kalkile frè transfè lajan‌ anvan ou voye l.

Konbyen lajan mwen ka voye Ondiras?

Kantite maksimòm ou ka transfere lè w ap voye lajan anliy nan Ondiras — kit se sou yon kont labank, sou kat debi, kit pou retrè lajan kach se 5,000 USD. Kantite lajan maksimòm yo ka peye an lajan kach ka varye selon biwo ajan Western Union. Kontakte yon biwo ajan dirèkteman pou verifye kantite total lajan ou ka voye Ondiras.

Kijan pou m voye lajan anliy nan Ondiras?

Li fasil pou voye lajan Ondiras anliy; senpleman:

  • Enskrioswa konekte sou pwofil ou anliy, epi klike sou ‘Voye Kounye a’
  • Chwazi Ondiras kòm destinasyon w, epi antre montan ou vle voye a.
  • Apre sa, chwazi fason benefisyè w la vle resevwa peman an, epi fason ou ta renmen fè peman an. W ap wè yon estimasyon tan transfè a isit la.
  • Klike sou ‘Kont labank’ pou antre detay kont benefisyè w la.
  • Pou fini, ou ta dwe resevwa yon nimewo suivi inik (MTCN) pou suiv transfè w la. Pataje nimewo sa a avèk benefisyè w la pou l ka al retire lajan an.

Ki sa m bezwen pou m voye lajan anliy nan Ondiras?

Anvan ou ka fè yon transfè, ou bezwen enskri pou kreye yon pwofil Western Union. Tout sa w bezwen se:

  • Non konplè ou ak adrès ou.
  • Yon lisans chofè ameriken, yon paspò, oswa yon lòt tip pyès idantifikasyon gouvènman an bay la.

Apre sa, w ap pare pou w fè transfè a. Anvan ou kòmanse, prepare enfòmasyon sa yo:

  • Pou transfè ki pi gwo yo, w ap bezwen bay enfòmasyon sou sous lajan an.
  • Non konplè benefisyè w la jan li parèt nan dosye labank li.
  • Detay konsènan bank benefisyè w la, tankou nimewo kont, kòd, ak non.

Kijan mwen ka voye lajan Ondiras depi yon biwo ajan Western Union?

Anvan tout bagay, chèche yon biwo ajan ki toupre w avèk zouti lokalizatè nou an. Yon fwa ou konnen ki kote w pral ale, bagay yo fasil:

  • Ale nan biwo ajan deziyen an avèk pyès idantifikasyon w lan, enfòmasyon bankè pèsonèl ou, ak enfòmasyon bankè benefisyè w la.
  • Pwoche bò kontwa a; la a, ou ka peye pou transfè w la ak lajan kach, oswa avèk yon kat debi oswa kat kredi Ameriken3. Si ou te kòmanse yon transfè sou aplikasyon mobil la, ou ka toujou ale nan biwo a pou finalize yon peman.
  • Kenbe nimewo suivi inik la (MTCN) pou w ka suiv transfè w la; ou ta dwe pataje l avèk benefisyè w la tou.

Kijan mwen ka estime pri pou voye lajan Ondiras?

Jwenn estimasyon pou transfè lajan w, konprann limit transfè yo, epi dekouvri to echanj yo anvan w voye lajan Ondiras avèk estimatè pri nou an.

Nan ki bank mwen ka voye lajan Ondiras?

Avèk Western Union, li fasil pou voye lajan bay kèk nan pi bon bank nan Ondiras. Nou fè patenarya avèk anpil enstitisyon fyab, tankou Banco Atlantida, Banco de Occidente, Banco FICOHSA, ak Banpais.

Kijan pou voye lajan Ondiras san yon kont labank?

Li posib pou voye lajan Ondiras san w pa gen yon kont labank, si w peye pou transfè a ak lajan kach oswa avèk yon kat kredi. Si benefisyè w la pa gen kont labank, li ka toujou resevwa lajan an kach nan yon biwo ajan Western Union

‌Kijan retrè lajan kach fonksyone pou transfè lajan nan Ondiras?

Lè w chwazi opsyon retrè lajan kach, benefisyè w la ka vin pran lajan an nan lempira Ondiryen nan yon biwo ajan Western Union ki patisipe nan Ondiras. Anjeneral, yo bezwen nimewo suivi a (MTCN) ak yon pyès idantifikasyon valid.

‌Èske ou ka voye lajan sou pòtfèy mobil nan Ondiras?

Non, kounye a Western Union pa sipòte peman sou pòtfèy mobil nan Ondiras. ‌Aprann plis sou transfè entènasyonal ki fèt atravè pòtfèy mobil.

Toujou gen kesyon sou transfè lajan mobil?

Vizite seksyon Kesyon Yo Poze Souvan nou an oswa kontakte nou. Ekip Sèvis Kliyantèl‌ nou an disponib ak yon senp apèl.

1 Western Union fè pwofi nan echanj lajan. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Pa valid pou kat kredi oswa transfè anndan Etazini.

2 Rediksyon frè yo aplike sèlman pou frè transfè Western Union® lan pou yon sèl tranzaksyon Western Union Money Transfer® oswa Quick Collect®. Mete sou kote tout lòt sèvis yo, ki enkli yo men san yo pa limite, pèman fakti anliy ak transfè lajan atravè aplikasyon sosyal/tchat yo. Pwen itilize yo p ap ka ranvèse, epi si montan frè transfè a mwens pase rabè a, p ap gen lajan kach, kredi oswa ranbousman.

3 Si w ap itilize yon kat kredi, yon frè alavans pou lajan kach ak frè enterè ki asosye avèk li ka aplike. Pou evite frè sa yo oswa pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oswa verifye lòt metòd pèman.

4 Lajan an ka retade oswa sèvis yo kapab pa disponib selon kondisyon sèten tranzaksyon, ki gen ladan montan ki voye a, peyi destinasyon an, disponiblite deviz la, egzijans nan kesyon idantifikasyon, lè ouvèti biwo yo, diferans nan fizo orè, oswa seleksyon opsyon retade yo. ‌Pou tranzaksyon mobil, lajan an ap peye bay founisè sèvis pòtfèy mobil benefisyè a, pou yo ka kredite kont ki lye ak nimewo benefisyè sa a. Lòt frè entèmedyè gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè retrè lajan kach. Gade fòmilè transfè a pou restriksyon yo.