Òf pou nouvo kliyan
Ou voye 100 USD li resevwa {{striked_receiver_amount}} {{receiver_amount}} INR

Voye lajan ann End

Jwenn transfè san limit ak $0 frè lè w voye lajan sou kont labank ak UPI jiska 15 Desanm.
USD
INR

Western Union fè lajan apati FX. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. ‌Òf la pa disponib pou Quick Collect, transfè anndan Etazini, kat kredi, ak Google Pay.

 

Transfè lajan rapid anliy, avèk pri ki avantaje ak rekonpans. Transfè anliy fyab, ki pwoteje pa chifreman ak mezi kont fwod. ‌‌Chwazi opsyon peman ak livrezon ki koresponn ak bezwen w yo.

‌Premye transfè dijital ou a debloke frè san limit $0 sou tranfè sou kont labank ak UPI ann End jiska 15 Desanm.

Fason ki pratik pou voye ak resevwa lajan

India-partners

Voye lajan nan rezo nou an ann End

‌Depi 150 an, Western Union se yon lidè mondyal nan sèvis transfè lajan ki rapid e fasil. Itilize gwo rezo founisè sèvis pèman nou an nan Filipin pou fè tranzaksyon san pwoblèm. ‌Kit w ap voye lajan sou pòtfèy, kont labank, oswa pou retrè lajan kach, pwofite sèvis peman ki fyab.

 

Patnè pèman nou yo ann End gen ladan State Bank of India, HDFC Bank, ICIC Bank, ak idantifikasyon UPI.

 

Nou fè patenarya tou avèk anpil lòt enstitisyon fyab, tankou Axis Bank, Union Bank of India, Canara Bank, Punjab National Bank, Bank of Baroda, Kotak Bank, Federal Bank, ak lòt ankò.

 

Ou kapab voye lajan tou sòti Ozetazini pou rive ann End, pou retrè lajan kach. Jwenn biwo ajan yo isit la.

Suiv to echanj yo anvan ou voye lajan ann End

Konfigire alèt sou to echanj pou USD an INR

Resevwa notifikasyon lè to yo chanje.

‌Kòmanse transfè w la lè w pare.

4.8
app-store
4.7
google-play-badge-ai
Evalyasyon apati Oktòb 2026.

Plis enfòmasyon sou fason pou voye lajan ann End sòti Ozetazini

‌Kit w ap voye lajan pou premye fwa, kit w ap fè transfè regilyèman, detay sa yo ka rann pwosesis la pi senp.

Voye lajan sou kont labank

Avèk Western Union, ou ka transfere lajan ann End nan prèske 200 bank. Yo gen ladan State Bank of India, ICICI Bank Limited, HDFC Bank, Axis Bank, Punjab National Bank, ak Bank Baroda.

Voye kounye a

Prepare enfòmasyon benefisyè w la

Lè w ap voye lajan ann End pa transfè labank2, w ap bezwen sèlman nimewo kont benefisyè w la, Kòd Sistèm Finansye Endyen an (IFSC), ak rezon transfè a.

Aprann plis

Repete transfè rapidman

Èske ou fè transfè lajan ann End regilyèman? Anrejistre enfòmasyon fanmi w yo pou w ka fè transfè ankò byen vit.

Konekte kounye a

Pare pou voye lajan?

media
Western Union Rewards
Western Union Rewards

Pare pou transfòme transfè lajan ou yo an rekonpans? Jis konekte oswa enskri avèk Western Union, ranpli pwofil ou epi kòmanse touche pwen!

star_rewards
Touche 100 pwen

avèk chak transfè lajan anliy.

discount_rewards

500 pwen = jiska 2 USD rabè sou frè transfè lajan3.

Òf eksklizif pou manb nan mak ou renmen.

gift

Òf ak rabè, jis pou ou

Dekouvri òf ki chwazi sèlman pou manm Western Union Rewards yo.

Rezon pou chwazi Western Union®

Fason pratik pou voye lajan

‌Avèk plizyè fason pou voye lajan‌, ou ka chwazi metòd ki pi itil pou ou menm ak moun pa w yo. ‌Fè yon transfè lajan anliy pou rive ann End; voye l avèk aplikasyon nou an, oswa fè pèman an nan yon biwo ajan.

Pòte entènasyonal

Nou pa sèvi End sèlman – ou ka voye lajan sòti Ozetazini ale nan plis pase 200 lòt peyi ak teritwa.

Angajman pou sekirite

Nou ede pwoteje transfè lajan ou yo ann End avèk chifreman ak mezi pou anpeche fwod.

Enskri pou voye lajan ann End jodi a

Enskripsyon an rapid epi fasil

Li fasil pou voye lajan sòti Etazini pou rive ann End – jis enskri pou kreye yon pwofil gratis pou w ka kòmanse.

Pèman ki adapte avè w

Konfime transfè lajan w lan lè w itilize yon kont labank, kat kredi4 oswa yon kat debi, oswa lajan kach.

Suiv lajan ou

Senpleman itilize aplikasyon nou an oswa sitwèb nou an pou suiv transfè lajan w lan ann End.

Biwo ajan ki pratik yo

Avèk plis pase 111,0001 biwo ajan Endyen, benefisyè w la ka al retire lajan kach toupre lakay.

Vin jwenn nou jodi a

Refere zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.

Kesyon yo poze souvan sou voye lajan ann End sòti Ozetazini.

Ki pi bon fason pou voye lajan ann End?

Pi bon fason pou voye lajan sòti Etazini pou rive ann End depann de sa ki pi enpòtan pou ou. Si fasilite se priyorite a, voye lajan anliy oswa sou aplikasyon Western Union nan se opsyon ki pi senp yo. ‌Ou kapab chwazi tou metòd livrezon ki pi byen mache pou benefisyè w la, tankou dirèkteman sou kont labank, retrè lajan kach oswa atravè UPI.

‌Ki fason ki pi bon mache pou voye lajan ann End?

‌Fason ki pi bon mache pou voye lajan ann End ap varye selon fason ou peye, fason benefisyè w la jwenn li, ak to echanj ki genyen nan moman ou fè transfè w la. Itilize zouti nou an pou voye lajan anliy pou ‌kalkile frè transfè lajan‌ anvan ou voye l.

Konbyen lajan mwen ka voye ann End?

Ou ka voye jiska $50,000 dirèkteman sou yon kont labank ann End depi kont ou Ozetazini. Ou ka fè yon transfè lajan nan kèk nan pi bon bank ann End tankou State Bank of India, HDFC ak ICICI.

Konbyen tan sa pran pou voye lajan sòti Etazini pou rive ann End?

Tan sa pran pou voye lajan ann End depann de metòd livrezon an ak fason ou peye a. Pa egzanp, yon transfè sou pòtfèy mobil ka disponib nan kèk minit, lajan kach ka disponib pou retire menm jou a, epi yon transfè labank ka pran jiska senk jou. Itilize zouti voye lajan anliy nou an pou konpare vitès diferan opsyon transfè anvan ou voye lajan an.

Kijan mwen ka estime pri pou fè yon transfè lajan ki gen yon ‘gwo montan’ rive ann End?

Ou ka itilize zouti estimatè pri nou an pou kalkile pri pou voye yon gwo oswa yon ti kantite lajan ann End. Sa bay enfòmasyon sou bagay tankou frè transfè5.

Kijan pou m voye lajan anliy ann End?

Pou fè yon transfè lajan anliy ann End, jis suiv etap sa yo:

  1. Konekte sou pwofil Western Union® ou an oswa enskri epi verifye youn gratis. Kòmanse transfè lajan w laann End lè w klike sou ‘Voye kounye a’.
  2. Tape ‘End’ kòm destinasyon an epi konbyen lajan ou vle voye. W ap kapab wè lè transfè tipik yo pandan w ap fè seleksyon ou yo.
  3. Klike sou ‘Kont labank’. Apre sa, w ap gen chwa pou w chwazi yon moun k ap resevwa deja oubyen pou w antre enfòmasyon kont labank ou2 pou yon nouvo.
  4. Peye pou transfè lajan ou a ak kat kredi4 oswa kat debi.
  5. Chache yon imèl konfimasyon ki gen yon nimewo suivi (MTCN). Ou ka pataje sa avèk benefisyè w la ann End pou ede suiv lajan an.

Ki sa m bezwen pou m voye lajan anliy ann End?

W ap bezwen yon lisans chofè Ameriken, paspò oswa yon pyès idantifikasyon gouvènman an bay pou enskri anliy avèk Western Union®. Lè w ap voye lajan ann End, ou bezwen nimewo kont benefisyè w la, kòd IFSC a, ak rezon transfè a. Nou ka mande w tou plis enfòmasyon sou sous lajan w ak okipasyon w, si w ap fè yon transfè lajan ki reprezante yon “gwo montan”.

Kijan mwen ka voye lajan ann End depi yon biwo ajan Western Union®?

Pou voye lajan ann End depi yon biwo ajan Ozetazini, senpleman:

  1. Chèche yon biwo ajan ki toupre lakay ou.
  2. Pote yon pyès idantifikasyon valid gouvènman an bay oswa yon nimewo telefòn sou kontwa an. W ap bezwen bay tou detay sou bank ak kont benefisyè w la.
  3. Itilize lajan kach oswa yon kat debi yon bank Ameriken bay pou peye pou transfè lajan ou voye ann End.
  4. Li nimewo suivi a (MTCN) ki sou resi w la, ou ka pataje nimewo sa a avèk benefisyè w la pou l ka suiv lajan li.

Kijan mwen ka voye lajan sòti Etazini pou rive an ICICI Bank ann End?

Transfere lajan sou yon kont labank ICICI ann End se yon bagay ki rapid e fasil. Senpleman suiv etap sa yo:

  1. Konekte oswa enskri epi verifye yon pwofil Western Union® gratis. Klike sou ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè lajan w lan ann End.
  2. Gade to echanj dola an roupi (USD an INR), epi antre montan ou vle voye a.
  3. Chwazi fason ou vle peye pou transfè lajan an.
  4. Antre enfòmasyon benefisyè w la ansanm ak nimewo kont labank ICICI li a.

Konfime transfè lajan w lan. N ap ba ou yon nimewo suivi (MTCN) pou w ka kenbe pou dosye w.

Kisa UPI ye?

Unified Payments Interface (UPI)‌ se yon sistèm pèman rapid ki fonksyone an tan reyèl; li pèmèt ou voye ak resevwa lajan avèk yon idantifyan UPI, san ou pa bezwen bay okenn enfòmasyon labank.

Kisa yon idantidyan UPI ye?

Yon idnatifyan UPI konekte ak kont labank ou yo (pa egzanp non@paytm, nimewo@ybl oswa non@okbank)

Konbyen mwen ka voye bay yon idantifyan UPI?

Ou ka voye jiska 200,000 woupi Endyen bay yon idantifyan UPI

Ki kote mwen ka jwenn idantifyan (ID) UPI?

Mande benefisyè w la pou l louvri aplikasyon pèman li an (pa egzanp Google Pay, PhonePe, oswa Paytm), epi mande l pou l ale nan seksyon ki gen non li oswa pwofil pou l jwenn idantifyan UPI li an oswa Virtual Payment Address (VPA) li

Kijan mwen ka voye lajan bay yon idantifyan UPI?

Senpleman kole tout idantifyan UPI benefisyè w la, epi n ap voye pèman an dirèkteman sou idantifikasyon sa a

1 Done rezo apati 30 Jen 2021.

2 Tanpri asire w non benefisyè a koresponn egzakteman ak enfòmasyon pwopriyetè kont labank la. ‌‌(Detay kont yo ka varye selon peyi a.)

3 Rediksyon frè yo aplike sèlman pou frè transfè Western Union® pou yon sèl tranzaksyon Western Union Money Transfer® oswa Quick Collect®. Mete sou kote tout lòt sèvis yo, ki enkli yo men san yo pa limite, pèman fakti anliy ak transfè lajan atravè aplikasyon sosyal/tchat yo. Pwen itilize yo p ap ka ranvèse, epi si montan frè transfè a mwens pase rabè a, p ap gen lajan kach, kredi oswa ranbousman.

4 Si w ap itilize yon kat kredi, emetè kat la ka chaje w yon frè davans lajan kach, ansanm ak enterè ki asosye ak frè sa a, ka aplikab. Pou evite frè sa yo oswa pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oswa verifye lòt metòd pèman.

5 Western Union fè pwofi nan echanj lajan. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Pa valid pou kat kredi oswa transfè anndan Etazini.