Imèl sispèk ak fichin

 

Kisa mwen ta dwe fè si mwen resevwa yon imèl sispèk (fichin) ki sanble sòti nan Western Union? Si yon moun kontakte ou epi li pretann li soti nan Western Union, epi li mande modpas ou oswa envite ou klike sou yon lyen, pa louvri fichye ki tache a ni pa klike sou lyen yo

Transfere nenpòt imèl sispèk bay spoof@westernunion.com. Efase imèl yo imedyatman. Sonje, Western Union p ap janm voye yon imèl pou mande ID itilizatè ou oswa modpas ou. Imèl sa yo soti nan moun k ap fè fwod ki ap chèche enfòmasyon (fichin), epi yo voye mesaj sa yo bay plizyè adrès imèl o aza – yo pa jwenn adrès imèl ou an an patikilye.

Anba a ou pral jwenn de egzanp imèl sa yo, men yo ka parèt nan plizyè lòt fòm diferan.


Kiyès ki voye l: westernunionresponse@westernunion.com
Bay: agent@westernunion.com
Dat yo voye li: Madi 24 Me 2011 3:26 a.m.
Konsènan: ***Western Union*** : Pwofil Aktyalize

Chè manm ke nou apresye anpil,

Imèl sa a se pou konfime ke ou reyisi chanje kont ou sou www.westernunion.com.

Si ou pa t fè okenn chanjman, tanpri kontakte Sèvis Kliyan Western Union imedyatman lè ou klike sou lyen sa a:

Mèsi paske w te chwazi Western Union


Kiyès ki voye l: Western Union Online
Dat yo voye li: Samdi 21 Me 2011, 2011 7:46 p.m.
Konsènan: Notifikasyon ki soti nan Western Union

Sant Mesaj Sekirize

Nou ta renmen enfòme ou ke bwat lèt sekirize ou a gen 1 nouvo mesaj.

Pou w li mesaj ou yo, jis klike sou lyen ki anba a epi konekte.

(Sant mesaj la gen sèlman enfòmasyon enpòtan sou kont ou)

© 2001-2012 Western Union Holdings, Inc., Tout dwa rezève.

Liy Dirèk pou Fwod

Si w kwè ou se viktim fwòd, rele Liy Dirèk Fwòd Western Union lan nan:
1800-448 1492

Transfere nenpòt imel
ki sispèk bay:
spoof@westernunion.com

Swiv alèt ak mizajou nou yo