Nan Western Union, nou pran pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl ou trè oserye. Se poutèt sa nou egzije ou enskri sou sit nou an epi suiv plizyè etap pou valide idantite ou. Kontrèman ak vandè detayan sou entènèt yo, nan Western Union n ap jere lajan kach, se pa machandiz sèlman. Se poutèt sa, premye fwa ou enskri avèk nou, nou pran anpil mezi pou ede pwoteje lajan ou travay di pou li. Nan pwochen vizit yo, l ap vin trè rapid ak pratik pouou voye lajan.
Okòmansman, li ka sanble nou mande anpil enfòmasyon, men ou ka gen konfyans ke pwosesis la ede pwoteje nou tou de kont tranzaksyon fwod. Pwoteksyon sa a ede nou kenbe depans ak frè nou yo ba pou tranzaksyon sou entènèt yo. Nou tout peye pou fwod sou entènèt yon fason oswa yon lòt, epi plis mezi nou pran pou konfime idantite ou, se plis ou ka santi w an sekirite lè w ap voye lajan ak sèvis sou entènèt nou an.
Nou itilize anpil teknoloji pou ede pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou, tankou TLS (Transport Layer Security). Kadna ki fèmen ou wè nan fenèt navigatè a, souvan sou bò dwat ba adrès la, ap montre ou ke nou ankripte enfòmasyon ki ap sikile ant oumenm avèk nou atravè koneksyon an. Tanpri sonje ke pozisyon ikòn kadna a depannde navigatè (brawzè) w ap itilize a.
Teknoloji nou itilize yo ankripte enfòmasyon pèsonèl ou tankou ID itilizatè, modpas, ak nimewo kat kredi sou entènèt la lè ou ap voye yo bannou. Tout enfòmasyon nou bay ou ankripte pandan li sou wout epi li dekode lè li rive nan navigatè ou pou pwoteje kont entèseptasyon oswa modifikasyon malveyan.
Nou envite ou li tout paj Sant Sekirite nou an pou kapab jwenn plis enfòmasyon ki ka ede w itilize entènèt la yon fason ki pi sekirize.