Western Union kolkete enfòmasyon sou ou ki soti nan plizyè sous, ki dekri an detay nan Deklarasyon sou Konfidansyalite. Ou bay konsantman pou Western Union kolekte, transfere ak estoke enfòmasyon gras ak òdinatè oswa lòt aparèy transfè oswa estokaj Ozetazini ak lòt kote toujou, lè ou bay enfòmasyon.
Nou kolekte enfòmasyon ou bay lè: (a) ou mande nou oswa youn nan afilye nou yo pou voye oswa resevwa lajan, oswa pou bay lòt pwodwi oswa sèvis; (b) ou soumèt enfòmasyon sou aplikasyon oswa lòt fòm bay nou oswa afilye nou yo; oswa (c) ou soumèt enfòmasyon bay nou, afilye nou yo, oswa lòt moun. Nou kolekte tou enfòmasyon sou transfè ou fè avèk nou, avèk afilye nou yo oswa avèk lòt antite.
Nou ka ranmase enfòmasyon sou ou nan plizyè sous tyès pati tankou kliyan komèsyal nou yo, ajans leta, ajans rapò konsomatè, ak lòt founisè enfòmasyon toujou.
Nou kolekte enfòmasyon sou aktivite ou sou entènèt ansanm ak enfòmasyon sou domèn ak host ou itilize pou w jwenn aksè nan entènèt la; adrès entènèt òdinatè ou; lojisyèl navigatè ak sistèm eksplwatasyon ou itilize; dat ak lè ou vizite sit entènèt nou an, ak adrès entènèt ou te itilize pou w konekte ak sit nou an, lè ou vizite nou.
Tanpri li Deklarasyon sou Konfidansyalite nou an pou jwenn plis detay.