Peye ak biyè kont bankè

Restriksyon

Disponibilite Sèvis la depann sou kondisyon Sèvis yo chwazi a, tankou montan yo voye a, peyi destinasyon an, disponiblite lajan an, pwoblèm regilasyon yo, egzijans idantifikasyon yo ak lè ouvèti lokal la. Lajan yo ka an reta oswa sèvis yo ka pa disponib dapre kèk kondisyon tranzaksyon, tankou montan lajan yo voye a, destinasyon, peyi, disponiblite lajan, pwoblèm regilasyon, egzijans idantifikasyon, lè ajan an ap fonksyone, diferans nan fizo orè yo, oswa seleksyon opsyon reta. Pou transfè bankè, patisipasyon bankè yo ak lè ouvèti bank la, ki gen ladan jou ferye lokal yo ak labank yo, ak règleman labank konsènan disponiblite lajan (kolektivman, “Restriksyon”). Anjeneral, transfè labank yo pral kredite nan kont labank ki kalifye nan bank destinasyon yo nan lespas 5 jou labank apre yo fin voye lajan an, dapre Restriksyon yo. Tranzaksyon: (i) ki depase kèk montan; (ii) pou kèk destinasyon; (iii) ki enplike kèk pwoblèm regilasyon; oswa (iv) ki voye atravè opsyon ki retade gendwa pran plis tan, soumèt ak limit sou dola yo oswa soumèt ak Restriksyon adisyonèl yo. Ou dwe itilize yon kat kredi oswa debi ki soti nan yon bank ameriken. Yon frè alavans lajan kach nan men konpayi kat la ka aplike. Konsilte fòmilè ki aplikab la oswa Tèm ak Kondisyon yo anliy pou plis detay.

Disponibilite Sèvis

  • Sèvis in Minutes (nan kèk minit) disponib pou pèman nan plis pase 200 teritwa ak peyi atravè lemond
  • Sèvis”To a Mobile Phone” disponib pou transfè lajan ki soti Ozetazini pou bay abone Globe GCASH ak Smart Money nan Filipin yo.
  • Sèvis “Next Day” la disponib sèlman pou transfè ki fèt andedan Etazini kontinantal la eksepte pou Arizona, bwat postal, sant koreksyonèl ak baz militè Etazini. Limit maksimòm pou voye lajan an se $500/jou/kont kat. Lajan an delivre lakay destinatè a oswa nan travay li atravè FedEx epi li rive sou yon Kat Prepeye* Western Union® MoneyWise™ Visa nan pwochen jou ouvrab yo. Sa depann sou orè livrezon FedEx Express la. Transfè ki fèt Lendi-Jedi anvan 9:30 p.m. CT nan gwo zòn metwopolitèn ki kalifye nan Etazini kontinantal la ap delivre nan jou kap vini an. Transfè ki fèt Vandredi anvan 9:30 p.m. CT nan prensipal zòn metwopolitèn ki kalifye nan Etazini kontinantal la ap delivre nan Lendi. Transfè ki fèt Samdi oswa Dimanch anvan 9:30 p.m. CT nan prensipal zòn metwopolitèn ki kalifye nan Etazini kontinantal la ap delivre nan Madi. Tout livrezon soumèt anba Tèm ak Kondisyon ak Gid Sèvis FedEx Express la; lòt transfè yo ap retade. Voye Fòmilè a pou plis detay ak Restriksyon.*Western UnionKat prepeye ® MoneyWiseTM Visa a soti nan MetaBankTM dapre yon lisans nan men Visa U.S.A. Inc. Metabank, Manm FDIC.

Konsilte tablo ki anba a pou disponiblite pèman sou Twa Jou – Pou yon Bank

Rejyon Peman yo

Disponiblite Peman Dirèk nan Bank

EtaziniNan tout peyi a
MeksikNan tout peyi a
Amerik Latin:‌Brazil – Nan tout peyi a
KanadaPa disponib
Azi PasifikPa disponib
AfrikPa disponib
KarayibPa disponib
EwòpPa disponib
Mwayèn OriyanPa disponib
Azi Disid ak PakistanPa disponib