Peye bòdwo sou entènèt, 24 sou 24, 7 jou sou 7

 

Soti nan peman machin ou rive nan sèvis piblik ak ipotèk ou, peye bòdwo ak Western Union se yon fason rapid, pratik ak fyab kèlkeswa fason ou chwazi pou peye.

Refere yon zanmi!

Nou chak ap resevwa yon kòd kado elektwonik Amazon.com $20*.
Tèm ak kondisyon yo aplike.

Etap senp pou peman bòdwo sou entènèt

Enskri epi verifye pwofil gratis ou

Konekte w oswa Enskri w epi verifye pwofil gratis ou pou w ka peye yon bòdwo sou entènèt. Ou kapab verifye pwofil ou grasa lisans pou kondui w oswa paspò ameriken w oswa ak yon pyès idantite leta ba w.

Chèche founisè bòdwo ou

Chèche founisè bòdwo ou lè ou tape non li. Soti nan ipotèk ou rive nan bòdwo dlo ou, rezo nou an gen anpil chans pou li gen tout solisyon ou bezwen yo.

Ranpli tout chan ki obligatwa yo

Senpleman bay nimewo kont ou ak kantite lajan ou ta renmen peye sou bòdwo a.

Chwazi yon metòd peman ki an sekirite

Sèvis peman bòdwo nou yo pèmèt ou peye fasilman ak kat kredi/oswa kat debi ou1.

Se sa! Bòdwo peye

N ap voye yon imèl konfimasyon ba ou avèk nimewo kontwòl transfè lajan (MTCN) tranzaksyon ou an pou n kenbe l nan dosye ou.

Pare pou peye bòdwo ou yo?

Plis fason pou peye bòdwo ak Western Union

Peye bòdwo pandan w ap deplase

Peye bòdwo nenpòt kilè, nenpòt kote ak aplikasyon Western Union® lan.

Telechaje app la

Fè yon peman an pèsòn

Vizite youn nan 55,000 ajans Western Union Ozetazini2 pou peye bòdwo ou. Kòmanse sou aplikasyon an epi ou ka ekonomize tan lè w ap peye nan magazen – pa gen okenn fòm pou ranpli.

Jwenn biwo yo

Peye nan telefòn

Ou bezwen peye yon bòdwo kounye a? Rele nan 1-800-634-3422 soti lakay ou oswa sou telefòn mobil ou epi peye ak yon kat kredi/oswa kat debi1.

Aprann plis

Enskri pou kòmanse peye bòdwo jodi a

Enskri kounye a

Enskripsyon rapid epi fasil

Tout sa ou bezwen se yon adrès imèl ki valab ak yon nimewo telefòn mobil pou kòmanse peye bòdwo atravè aplikasyon an, sou westernunion.com, oswa an pèsòn jodi a.

Suiv peman ou yo

Nou bay yon imèl konfimasyon oswa resi ak nimewo swiv tranzaksyon ou a.

Peye nan fason ou vle

Peye bòdwo ak kat kredi/oswa kat debi1 sou entènèt oswa ak lajan kach nan magazen.

Sikisal ki pratik yo

Peye bòdwo an pèsòn nan yon ajans Western Union® sikisal ki gen ajan nan zòn ou.

Peye bòdwo rapid sou aplikasyon (app) nou an

Peye-bòdwo oswa kòmanse yon peman epi peye li nan yon magazen.

Suiv peman ou yo an dirèk.

Touch ID ede w ekonomize tan ak koneksyon rapid.

4.8
app-store
4.6
google-play-badge-ai
Nòt evalyasyon apati janvye 2024.

Kesyon yo poze souvan sou fason pou peye bòdwo ak Western Union

Kijan pou mwen peye bòdwo lè m ap itilize aplikasyon (app) Western Union® an?

1.Si ou deja gen aplikasyon Western Union® la, konekte ak Touch ID oswa ak idantifyan ou yo. Si ou poko gen app la, annik telechaje li nan Apple App Store oswa nan Google Play Store. ‌Nouvo itilizatè yo kapab swiv etap yo pou enskri yon pwofil ‌ak imèl yo. Ou kapab verifye pwofil ou grasa lisans pou kondui w, paspò w oswa pyès idantite leta ba w lan.
2. Lè ou antre nan aplikasyon nou an, chwazi ‘Peye bòdwo’ epi chèche founisè bòdwo ou lè ou tape non li.
3. Bay nimewo kont ou ak kantite lajan ou ta renmen peye sou bòdwo a.
4. Antre enfòmasyon kat kredi/oswa kat debi1 ou.
5. N ap voye yon imèl konfimasyon ba ou ak nimewo kontwòl transfè lajan an (MTCN) tranzaksyon ou, pou n mete l nan dosye ou.

Kijan pou mwen peye bòdwo an pèsòn?

1. Chèche yon lokal ki gen ajan Western Union® nan zòn ou.
2. Ale dirèkteman nan kontwa a epi bay nimewo telefòn ou, non konpayi ou vle peye a, ansanm ak nimewo kont ou.
3. Peye ak lajan kach oswa ak yon kat debi ki soti nan yon bank Ozetazini.
4. N ap voye yon imèl konfimasyon ba ou ak nimewo kontwòl transfè lajan an (MTCN) tranzaksyon ou, pou n mete l nan dosye ou.

Kijan pou mwen peye bòdwo nan telefòn?

1. Rele nan 1-800-634-3422 (pou Espanyòl 1-800-325-4045) nan telefòn lakay ou oswa ak yon nimewo telefòn mobil. Ou pa ka itilize yon telefòn piblik (pay phone).
2. Swiv enstriksyon yo pou w peye nan telefòn. Ou pral bezwen nimewo kont ki make sou papye (relevé) bòdwo a.
3. Peye bòdwo a ak yon kat kredi/oswa kat debi1 ki soti nan yon bank Ozetazini.
4. N ap ba ou yon nimewo swivi (MTCN). Sere li kòm prèv peman.

Ou toujou genyen kesyon?

Kontakte ekip Sèvis Kliyan nou an oswa vizite paj FAQ nou an pou jwenn plis enfòmasyon.

1Si w ap itilize yon kat kredi, frè pou avanse lajan kach ak frè enterè ki asosye ak tranzaksyon an a ka aplikab, selon konpayi ki bay kat la. Pou evite frè sa yo oubyen pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oubyen verifye lòt metòd pèman.

2 Done rezo yo apati 30 Jen 2020.

* ‌Tèm ak Kondisyon yo aplike. Gen restriksyon ki aplike, gade nan amazon.ca/gc-legal